"24 E Tan Pou Viv" lyrics - WYCLEF JEAN

WYCLEF JEAN
"24 E Tan Pou Viv"
(Jerry "Wonda" Duplessis / Wyclef Jean)

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri...

Yeh
Si'w te gen 24 e tan pou viv
Epi nou konnen'w ta pral mouri (24 e tan)
Kisa'w t'ap fe?
Yo

Si m'te gen 24 e tan viv mwen ta pral cheke manmi
Di'l li te fe yon bon travay avek premye pitit li
Le yo te rele'm vole, asasin
Li pat janm lage'm
Li te toujou kenbe'm
Bo'l sou fwon tet li apre sa pran lari
2 ze e demi rele Gerald Duplessis
Di'l, vin chache'm, depoze'm
Kay madanm mwen gade jan l'abiye byen fre
Li di Wyclef an'n al mange nan tap tap
Mwen di mwen pap ka paske demen mwen pap la
Mwen selman vin remesi'w ak tout ke'm
Paske bagay mwen te fe'w pase ou pa menm te dwe rete ave'm
Ou se yon bel fi
Ou pa bezwen kriye
Depi ou we m'ale
Ou met remarye

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri...

[Chorus 2x:]
Si'w te gen 24 e tan pou viv
Eske'w ta chante?
Eske'w ta danse?
Eske'w ta kriye?
Di yo ou prale (m'prale wi)
Di yo ou prale (m'ale!)

Apre sa mwen soti nan kay lan mwen antre nan machin lan
Pick up cellular an call ti fre'm nan
Allo Farel le w'ap mache nan lari siviye yo
Yo gen anpil jalouzi
Menm neg ou we k'ap touye moun pou ou
Se menm neg yo k'ap mete zam sou ou
Farel di fre nou Samuel se li menm ki bos
Mwen tande li du pou'l domi apre li te fe yon divos
Men Bondye a b'al fos kankou Samson
Men siviye fanm ki vin an demon san pwoteksyon
E pa bliye pwoteje Rosaron
Mwen gen yon zam anba matla a, kote bib la
E neg k'ap mande kiyes ki Rosaron
Mwen gen 2 se, se li menm ki bebe an
Lot lan li pi gran, yo rele'l Melky
Depi li piti l'ap goumen ak gason ak fi
Depi'w derespekte fanmi, w'ap ba'l rezon
Pou li pike'w, li pa care si'l pran prizon
Men ti kouzen'm Renel, kontwole yo
Paske si e pa sa, y'ap touye yo
E di Kifila, Jah, Raymond, Junior, Joshua
Yo pa mafya

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri...

[Chorus 2x]

Le kouzen'm Diana tande m'pral mouri
Rele anbilans, li tonbe pran kriz
Mwen gen in e tan rete nan New York city
Apre sa mwen sipoze avek Biggie nan paradi
Se le mwen sonje zanmi mwen Haitian Jack
Si telman nou zanmi nou rele tet nou kouzen le n'ap fe zak
E m'pa gen bodyguard mwen gen yon gran fre
Que yo rele Big Beast li pa janm pe
E nou pa janm pe
Mwen tande moun ap kriye
Mwen gade mont lan, le a rive
Chez tonbe kraze
Fanmi tonbe rele
Se le ti se'm lan di leve leve ou t'ap reve 'Clef

Mwen ta renmen konen dat jou m'ap mouri...

[Chorus 2x]